Kèk mwa avan koudèy Koup di Mond U-17 la FIFA ap dewoule nan Katar, otorite ayisyèn yo montre soutyen yo bay jèn seleksyon nasyonal la. Lendi 25 out 2025, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé remèt yon chèk 100 milyon goud bay ekip maskilen U-17 la, nan yon seremoni ofisyèl ki fèt nan Primati a an prezans jèn jwè yo, antrenè Eddy César, tout staf teknik la ak plizyè manm gouvènman an.
Ansyen ak minis Jenès, Espò ak Aksyon Sivil la, Niola Lynn Sarah Octavius, ansanm ak minis Ekonomi ak Finans, Alfred Fils Métellus, chèf gouvènman an te salye angajman ak potansyèl jèn foutbòlè sa yo ki gen misyon pou reprezante Ayiti ak diyite sou sèn entènasyonal la. Li ensiste sou enpòtans pou soutni yo nan misyon espòtif ak patriyotik sa a.
Minis espò a, pou pati pa li, raple pèfòmans istorik seleksyon U-17 la an 2007, an 2019 epi kounye a an 2025 se yon sous fyète pou tout nasyon an. Li mete aksan sou lefèt ke siksè sa yo sòti nan disiplin, kouraj ak anpil travay di, pandan li ankouraje jèn jwè yo fè drapo ayisyen an flote ak fyète sou sèn mondyal la.
Nan entèvansyon li, Madam Amazan, reprezantan Komite Normalizasyon FHF la, salye angajman Leta a atravè kontra twa (3) lane ki sot siyen an, li konsidere kòm yon « prèv konkrè soutyen pou foutbòl ak pou jenès ayisyèn ».
Avèk jès finansye sa a, gouvènman an pa sèlman vize kouvri depans preparasyon lojistik ak teknik seleksyon an, men li voye tou yon mesaj klè konfyans ak ankourajman pou jenerasyon foutbòlè sa yo ki gen anpil avni, nan yon kontèks kote difikilte finansye souvan bloke devlopman espò nan peyi a.
Ayiti, ki te kalifye ak anpil bèl rezilta pandan éliminatoires CONCACAF yo, pare pou l al fè fas ak pi bon ekip yo pandan Koup di Mond U-17 FIFA a ki fikse pou 2 pou rive 24 novanm 2025 nan Katar.
