{"id":547,"date":"2025-09-25T01:58:47","date_gmt":"2025-09-24T23:58:47","guid":{"rendered":"https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547"},"modified":"2025-09-25T01:58:47","modified_gmt":"2025-09-24T23:58:47","slug":"potoprens-vil-sou-do-memwa-m","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547","title":{"rendered":"P\u00d2TOPRENS, VIL SOU DO MEMWA M"},"content":{"rendered":"<p><em><strong>Youn nan pi b\u00e8l souvni mwen pote soti nan timounaj mwen, se fason mwen te konn dekouvri Ayiti, mache, f\u00e8 touris, viv lanati ak tout sa li ofri. Gras ak travay papa mwen, mwen te gen chans vizite plizy\u00e8 z\u00f2n nan peyi a: plaj, m\u00f2n, ti komin ki pa sou kat. Men chak vakans, se P\u00f2toprens ki te vin plas kote mwen te aprann pi plis sou t\u00e8t mwen, sou peyi a, e sou l\u00f2t Ayisyen.<\/strong><\/em><\/p>\n<p>Mwen sonje byen, se nan P\u00f2toprens mwen aprann ou pa ka jis al nan mache mande \u201cpwa pennto\u201d konsa. Premye fwa mwen f\u00e8 sa, machann lan leve t\u00e8t li, li gade m dwat nan je epi li di: *\u201cOu soti nan pany\u00f2l?\u201d* Se te yon gwo sezisman pou mwen, paske lakay mwen, Gonayiv, tout moun konn di l konsa. Se la mwen te konprann jan chak z\u00f2n gen ti langaj pa yo, mo pa yo, koutim pa yo. Sa ki n\u00f2mal lakay ou ka f\u00e8 moun ri l\u00f2t kote.<\/p>\n<p>L\u00e8 sa, se te ane 2008. Mwen te timoun toujou, men mwen sonje tan sa te chaje ak eksitasyon. Se te premye fwa mwen te viv ak lokat\u00e8, tande granmoun ap pale de \u201cmoun Okay\u201d oubyen \u201cmoun Kap\u201d tankou se de peyi diferan. P\u00f2toprens te tankou yon ti mod\u00e8l mini-Ayiti, kote chak kwen nan peyi a te jwenn refij li.<\/p>\n<p>Moman sa tou, f\u00f2m di nou, mwen te aprann yon gwo leson sou vil la: moun pa mache piti nan P\u00f2toprens. Yo pa ralanti pou p\u00e8sonn. E wi, domaj, f\u00f2k mwen te p\u00e8di t\u00e8t mwen omwen twa fwa nan mache Salomon pou m te konprann sa. L\u00e8 m ap mache ak matant mwen, se chak de pa pou m ap pran souf. Li menm, li pase tankou van, epi li lage m d\u00e8y\u00e8 l pou m batay ak foul la, janm kole ak bourik, k\u00e8s peze sou zep\u00f2l moun. Depi li pase, se degaje w f\u00e8 espas pou ti k\u00f2 w, fr\u00e8 m!<\/p>\n<p>Ep\u00f2k sa tou, se te premye fwa mwen dekouvri *Chanmas*. Pou m pase devan Pal\u00e8 Nasyonal, epi tande pi gran yo ap di : \u00ab\u00a0Rele Prezidan Pr\u00e9val!\u00a0\u00bb Mwen menm, tankou ti egare ki pa konnen pi lwen pase nen li, m ap rele tout f\u00f2s mwen: *\u00a0\u00bbPREZIDAN PR\u00c9VAL! PREZIDAN PR\u00c9VAL!\u00a0\u00bb* M te santi m enp\u00f2tan, tankou vwa m t ap monte rive dwat nan biwo t\u00e8t peyi a.<\/p>\n<p>Men jounen jodi a, P\u00f2toprens pa menm jan ank\u00f2.<br \/>\nChanmas pa gen menm chal\u00e8 a, pa gen menm lib\u00e8te a. Pal\u00e8 a tonbe, fonksyon piblik la kraze, pak la f\u00e8men, e foul timoun pa gentan gen espas pou jwe, ni menm pou reve. *Mache Salomon*, ki te konn bat tankou k\u00e8 vil la, vin pi lou, pi chaje, pi dez\u00f2d. Pami r\u00e8s beton yo, ou tande vwa moun ki pa konn si y ap viv demen.<\/p>\n<p>Soti Petyonvil rive B\u00e8l\u00e8, tout kote santi labou, ens\u00e8ten, pousy\u00e8, ak grangou. Se pa vil la s\u00e8lman ki chanje, *se memwa moun ladan l ki fennen tou.<\/p>\n<p>Kote ki te konn gen chal\u00e8 limenm, ou jwenn fr\u00e8t beton ak lari plen fatra. Lari Sen J\u00e8n, kote ou te ka achte yon bon zaboka, yon liv diri, oswa tande vwa machann ki t ap chante nan sol\u00e8y, vin tounen yon lari silans&#8230; silans ensekirite.<\/p>\n<p>Kafou Odva, ki te konn klere ak koul\u00e8 ak aktivite, kounye a plen miray sal, afich p\u00e8di, ak je sisp\u00e8k ki suiv ou san w pa konnen poukisa. Timoun yo pa jwe ank\u00f2, yo pa f\u00e8 kouri bourik ank\u00f2. Yo vin pi gran pase laj yo, ak soufrans ki mete rad granmoun sou zep\u00f2l timoun.<\/p>\n<p>L\u00e8 mwen pase nan lari, mwen pa w\u00e8 boukliye limy\u00e8. Se zam ki klere, se panik ki kondi moun. P\u00f2toprens vin tounen yon vil kote *n\u00f2mal la se pa n\u00f2mal. Goudougoudou, pouvwa k ap chanje, gwo pony\u00e8t sou ti malere, f\u00e8 vil la p\u00e8di son souri li. Men, menm si P\u00f2toprens gen mak, li toujou kanpe. Li soufran, li touse, li panche\u2026 men li pa tonbe n\u00e8t.<\/p>\n<p>E malgre tout sa\u2026 gen yon bagay nan P\u00f2toprens ki pa janm mouri: se lespwa. Yon ti lespwa ki ka par\u00e8t nan souri yon ti machann ki kanpe chak maten ak espwa vann. Nan je yon j\u00e8n ki mete liv anba bra li, malgre bri bal. Nan vwa yon atis ki toujou chante, menm si mizik li pa pase sou ondo.<\/p>\n<p>P\u00f2toprens malad, wi. Men li pa mouri. Chak vakans, chak j\u00e8n ki sonje vil la, ki tounen al viv on ti moman, pote yon ti limy\u00e8. Tankou yon chand\u00e8l nan f\u00e8nwa. Pet\u00e8t pa ase pou limen tout vil la, men ase pou di: li merite limy\u00e8. P\u00f2toprens chanje, wi. Men li toujou la. Li toujou son vil ki pote sou li chay tout peyi a. Li toujou kenbe tras soulye moun ki s\u00f2ti lwen vin ch\u00e8che lavi. Li toujou gen bon jan memwa, ak b\u00e8l istwa ki merite sonje. E se pet\u00e8t sa ki f\u00e8 chak vizit tounen yon ti vwayaj sou tan. Vakans vin tounen pretekst pou rekonekte, pou sonje kote n s\u00f2ti, e pet\u00e8t, pou panse pi byen sou kote nou vle ale.<\/p>\n<p>Christnoude BEAUPLAN<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Youn nan pi b\u00e8l souvni mwen pote soti nan timounaj mwen, se fason mwen te konn dekouvri Ayiti,<\/p>\n","protected":false},"author":2,"featured_media":548,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[2],"tags":[],"class_list":["post-547","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-actualites"],"yoast_head":"<!-- This site is optimized with the Yoast SEO plugin v27.5 - https:\/\/yoast.com\/product\/yoast-seo-wordpress\/ -->\n<title>P\u00d2TOPRENS, VIL SOU DO MEMWA M -<\/title>\n<meta name=\"robots\" content=\"index, follow, max-snippet:-1, max-image-preview:large, max-video-preview:-1\" \/>\n<link rel=\"canonical\" href=\"https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547\" \/>\n<meta property=\"og:locale\" content=\"fr_FR\" \/>\n<meta property=\"og:type\" content=\"article\" \/>\n<meta property=\"og:title\" content=\"P\u00d2TOPRENS, VIL SOU DO MEMWA M -\" \/>\n<meta property=\"og:description\" content=\"Youn nan pi b\u00e8l souvni mwen pote soti nan timounaj mwen, se fason mwen te konn dekouvri Ayiti,\" \/>\n<meta property=\"og:url\" content=\"https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547\" \/>\n<meta property=\"article:published_time\" content=\"2025-09-24T23:58:47+00:00\" \/>\n<meta property=\"og:image\" content=\"https:\/\/chronomagazine.info\/wp-content\/uploads\/2025\/09\/98D06E61-168E-4CE2-B022-0BB2E2F52E32.jpeg\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:width\" content=\"1080\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:height\" content=\"763\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:type\" content=\"image\/jpeg\" \/>\n<meta name=\"author\" content=\"Redaction\" \/>\n<meta name=\"twitter:card\" content=\"summary_large_image\" \/>\n<meta name=\"twitter:label1\" content=\"\u00c9crit par\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data1\" content=\"Redaction\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:label2\" content=\"Dur\u00e9e de lecture estim\u00e9e\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data2\" content=\"5 minutes\" \/>\n<script type=\"application\/ld+json\" class=\"yoast-schema-graph\">{\"@context\":\"https:\\\/\\\/schema.org\",\"@graph\":[{\"@type\":\"Article\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/?p=547#article\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/?p=547\"},\"author\":{\"name\":\"Redaction\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/1b30e6d39ab853b835b3db1392fc68e8\"},\"headline\":\"P\u00d2TOPRENS, VIL SOU DO MEMWA M\",\"datePublished\":\"2025-09-24T23:58:47+00:00\",\"mainEntityOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/?p=547\"},\"wordCount\":926,\"commentCount\":0,\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/?p=547#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2025\\\/09\\\/98D06E61-168E-4CE2-B022-0BB2E2F52E32.jpeg\",\"articleSection\":[\"Actualites\"],\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"CommentAction\",\"name\":\"Comment\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/?p=547#respond\"]}]},{\"@type\":\"WebPage\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/?p=547\",\"url\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/?p=547\",\"name\":\"P\u00d2TOPRENS, VIL SOU DO MEMWA M -\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/#website\"},\"primaryImageOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/?p=547#primaryimage\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/?p=547#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2025\\\/09\\\/98D06E61-168E-4CE2-B022-0BB2E2F52E32.jpeg\",\"datePublished\":\"2025-09-24T23:58:47+00:00\",\"author\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/1b30e6d39ab853b835b3db1392fc68e8\"},\"breadcrumb\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/?p=547#breadcrumb\"},\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"ReadAction\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/?p=547\"]}]},{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/?p=547#primaryimage\",\"url\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2025\\\/09\\\/98D06E61-168E-4CE2-B022-0BB2E2F52E32.jpeg\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2025\\\/09\\\/98D06E61-168E-4CE2-B022-0BB2E2F52E32.jpeg\",\"width\":1080,\"height\":763},{\"@type\":\"BreadcrumbList\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/?p=547#breadcrumb\",\"itemListElement\":[{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":1,\"name\":\"Home\",\"item\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/\"},{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":2,\"name\":\"P\u00d2TOPRENS, VIL SOU DO MEMWA M\"}]},{\"@type\":\"WebSite\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/#website\",\"url\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/\",\"name\":\"\",\"description\":\"Haiti En Bref !\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"SearchAction\",\"target\":{\"@type\":\"EntryPoint\",\"urlTemplate\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/?s={search_term_string}\"},\"query-input\":{\"@type\":\"PropertyValueSpecification\",\"valueRequired\":true,\"valueName\":\"search_term_string\"}}],\"inLanguage\":\"fr-FR\"},{\"@type\":\"Person\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/1b30e6d39ab853b835b3db1392fc68e8\",\"name\":\"Redaction\",\"image\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/ac8e53a7052dcd541025c389ebc153cf5c564d2ff38b6d692771f44cd130c8f8?s=96&d=mm&r=g\",\"url\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/ac8e53a7052dcd541025c389ebc153cf5c564d2ff38b6d692771f44cd130c8f8?s=96&d=mm&r=g\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/ac8e53a7052dcd541025c389ebc153cf5c564d2ff38b6d692771f44cd130c8f8?s=96&d=mm&r=g\",\"caption\":\"Redaction\"},\"url\":\"https:\\\/\\\/chronomagazine.info\\\/?author=2\"}]}<\/script>\n<!-- \/ Yoast SEO plugin. -->","yoast_head_json":{"title":"P\u00d2TOPRENS, VIL SOU DO MEMWA M -","robots":{"index":"index","follow":"follow","max-snippet":"max-snippet:-1","max-image-preview":"max-image-preview:large","max-video-preview":"max-video-preview:-1"},"canonical":"https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547","og_locale":"fr_FR","og_type":"article","og_title":"P\u00d2TOPRENS, VIL SOU DO MEMWA M -","og_description":"Youn nan pi b\u00e8l souvni mwen pote soti nan timounaj mwen, se fason mwen te konn dekouvri Ayiti,","og_url":"https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547","article_published_time":"2025-09-24T23:58:47+00:00","og_image":[{"width":1080,"height":763,"url":"https:\/\/chronomagazine.info\/wp-content\/uploads\/2025\/09\/98D06E61-168E-4CE2-B022-0BB2E2F52E32.jpeg","type":"image\/jpeg"}],"author":"Redaction","twitter_card":"summary_large_image","twitter_misc":{"\u00c9crit par":"Redaction","Dur\u00e9e de lecture estim\u00e9e":"5 minutes"},"schema":{"@context":"https:\/\/schema.org","@graph":[{"@type":"Article","@id":"https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547#article","isPartOf":{"@id":"https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547"},"author":{"name":"Redaction","@id":"https:\/\/chronomagazine.info\/#\/schema\/person\/1b30e6d39ab853b835b3db1392fc68e8"},"headline":"P\u00d2TOPRENS, VIL SOU DO MEMWA M","datePublished":"2025-09-24T23:58:47+00:00","mainEntityOfPage":{"@id":"https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547"},"wordCount":926,"commentCount":0,"image":{"@id":"https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/chronomagazine.info\/wp-content\/uploads\/2025\/09\/98D06E61-168E-4CE2-B022-0BB2E2F52E32.jpeg","articleSection":["Actualites"],"inLanguage":"fr-FR","potentialAction":[{"@type":"CommentAction","name":"Comment","target":["https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547#respond"]}]},{"@type":"WebPage","@id":"https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547","url":"https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547","name":"P\u00d2TOPRENS, VIL SOU DO MEMWA M -","isPartOf":{"@id":"https:\/\/chronomagazine.info\/#website"},"primaryImageOfPage":{"@id":"https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547#primaryimage"},"image":{"@id":"https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/chronomagazine.info\/wp-content\/uploads\/2025\/09\/98D06E61-168E-4CE2-B022-0BB2E2F52E32.jpeg","datePublished":"2025-09-24T23:58:47+00:00","author":{"@id":"https:\/\/chronomagazine.info\/#\/schema\/person\/1b30e6d39ab853b835b3db1392fc68e8"},"breadcrumb":{"@id":"https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547#breadcrumb"},"inLanguage":"fr-FR","potentialAction":[{"@type":"ReadAction","target":["https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547"]}]},{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-FR","@id":"https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547#primaryimage","url":"https:\/\/chronomagazine.info\/wp-content\/uploads\/2025\/09\/98D06E61-168E-4CE2-B022-0BB2E2F52E32.jpeg","contentUrl":"https:\/\/chronomagazine.info\/wp-content\/uploads\/2025\/09\/98D06E61-168E-4CE2-B022-0BB2E2F52E32.jpeg","width":1080,"height":763},{"@type":"BreadcrumbList","@id":"https:\/\/chronomagazine.info\/?p=547#breadcrumb","itemListElement":[{"@type":"ListItem","position":1,"name":"Home","item":"https:\/\/chronomagazine.info\/"},{"@type":"ListItem","position":2,"name":"P\u00d2TOPRENS, VIL SOU DO MEMWA M"}]},{"@type":"WebSite","@id":"https:\/\/chronomagazine.info\/#website","url":"https:\/\/chronomagazine.info\/","name":"","description":"Haiti En Bref !","potentialAction":[{"@type":"SearchAction","target":{"@type":"EntryPoint","urlTemplate":"https:\/\/chronomagazine.info\/?s={search_term_string}"},"query-input":{"@type":"PropertyValueSpecification","valueRequired":true,"valueName":"search_term_string"}}],"inLanguage":"fr-FR"},{"@type":"Person","@id":"https:\/\/chronomagazine.info\/#\/schema\/person\/1b30e6d39ab853b835b3db1392fc68e8","name":"Redaction","image":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-FR","@id":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/ac8e53a7052dcd541025c389ebc153cf5c564d2ff38b6d692771f44cd130c8f8?s=96&d=mm&r=g","url":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/ac8e53a7052dcd541025c389ebc153cf5c564d2ff38b6d692771f44cd130c8f8?s=96&d=mm&r=g","contentUrl":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/ac8e53a7052dcd541025c389ebc153cf5c564d2ff38b6d692771f44cd130c8f8?s=96&d=mm&r=g","caption":"Redaction"},"url":"https:\/\/chronomagazine.info\/?author=2"}]}},"jetpack_featured_media_url":"https:\/\/chronomagazine.info\/wp-content\/uploads\/2025\/09\/98D06E61-168E-4CE2-B022-0BB2E2F52E32.jpeg","_links":{"self":[{"href":"https:\/\/chronomagazine.info\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/547","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/chronomagazine.info\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/chronomagazine.info\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/chronomagazine.info\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/users\/2"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/chronomagazine.info\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcomments&post=547"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/chronomagazine.info\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/547\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":549,"href":"https:\/\/chronomagazine.info\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/547\/revisions\/549"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/chronomagazine.info\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/media\/548"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/chronomagazine.info\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fmedia&parent=547"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/chronomagazine.info\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcategories&post=547"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/chronomagazine.info\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Ftags&post=547"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}